A write-up of the March 31st Conference in Creole by Feminist Solidarity Camp



http://www.awid.org/Issues-and-Analysis/Library/Where-are-the-women-in-H...

Where are the women in Haiti’s Reconstruction?



Source: Feminist Solidarity Camp



23/04/2010 3:42 am
Related Articles



Regions: Caribbean



Topics: Environment, Refugees & internally displaced people



AWID Program:



Type of content: Analysis



Regions - Topics - AWID Program - Type of content



In Creole



Kote fanm yo nan rekonstriksyon Ayiti?



Kesyon fanm ak pozisyon fanm ak gason se te yon kesyon ki pat diskite menm nan reyinyon sou Ayiti ki fèt le 31 mas pou Konferans Donatè Entènasyonal lan nan New York, kote pwomès fèt pou bay anpil milyon dola pou rekonstriksyon peyi an.



Plan Nasyonal Aksyon Ayiti an, ki se plan direktè pou efò rekonstriksyon yo e pou alokasyon resous yo, baze sou yon Evalyasyon Bezwen Post-Dezast (EBPD). EBPD an se rezilta yon travay ki pran de mwa pou Leta Ayisyen ansanm ak plis pase 250 moun ki soti nan Nasyonzini, Bank Mondyal, Inyon Ewopeyèn ak Bank EntèAmerikèn pou Devlopman kolabore pou yo fè. Malgre kalite gwo efò sa a, EBPD yo fè an pa abòde aspè kondisyon fanm nan pwopozisyon estrateji pou rekonstwi politik makwoekonomik, sosyal, anviwonnman an, e pou remete enfrastrikti yo ak gouvènans lan sou pye.



Pou fè vwa fanm yo sonnen pi fò, yon efò kolektif ki gen ladan l plis pase 100 òganizasyon ak rezo entènasyonal ki travay sou kesyon fanm òganize yon konferans devan laprès e yon evènman ki fèt an menm tan e anfas kote Konferans Entènasyonal Donatè lan tap fèt nan dat 31 mas 2010. Nan evènman sa a, yo mete deyò yon Rapò Akonpayatè sou Kesyon Kondisyon Fanm (Gender Shadow Report – http://tinyurl.com/ycke9h2) ki bay yon repons e yon analiz sou EBPD an. Rapò a genyen kòm entwodiksyon yon lèt ouvè ki adrese donatè yo pou egzije vwa fanm ayisyèn yo reprezante yon eleman nan pwosesis rekonstriksyon an e pou yo dirije atansyon yo sou kesyon kondisyon fanm nan tout politik e nan tout alokasyon bidjè an.



Pou li pale de Rapò Akonpayatè sou Kesyon Kondisyon Fanm nan kòm yon zouti pou fè pawòl vin tounen aksyon, Kathy Mangonès, direktris pwogram nasyonal pou UNIFEM, di “lidèchip ak patisipasyon fanm nan rekonstriksyon Ayiti” se sèl jan pou kreye yon sosyete ki pi stab, ki kapab akeyi plis moun e ki pi demokratik.” Ekriven ayisyano-amerikèn ke piblik lan apresye anpil e ki rele Edwidge Danticat, di Rapò Akonpayatè sou Kesyon Kondisyon Fanm nan se yon bagay ki “esansyèl pou transparans, pou egalite e pou dwa fanm ak tifi” e li reprezante yon gwa pa ennavan pou nou kapab “asire vwa fanm ak vwa sa ki alabaz yo leve byen fò nan konvèsasyon nap fè sou rekonstriksyon an.” Marie Saint-Cyr, yon Ayisyèn ki defann dwa moun, bay EBPD an move nòt: “Sa ki pwoblèm nou avè l se jan se yon bann pawòl menm si yo di li adrese kesyon yo sou plizyè nivo an menm tan. Nou vle Leta ayisyen ak kominote entènasyonal lan bannou yon angajman pou yo entegre vreman vre fanm ak òganizasyon fanm nan tout pwosesis yo.”



Nigel Fisher, ki se Reprezantan Sipèryè Nasyonzini pou EBPD an e Prezidan Direktè an Chèf pou UNICEF Kanada, konsidere EBPD an pa bay kesyon kondisyon fanm ase enpòtans e konsiltasyon ki fèt ak sosyete sivil lan, defansè dwa moun e rezo fanm yo “pa konplè.” Menm jan ak Nigel Fisher, Winnie Byanayima, ki alatèt Direksyon pou Ekip ki okipe Kesyon Kondisyon Fanm, nan Biwo pou Politik Devlopman nan PNUD, di “lènmi egalite se sans ijans lan ki anpeche moun fè yon analiz serye sou jan pou depase inegalite.”



Kesyon ki pi ijan yo konsantre sou mizanplas. Nigel Fisher pwomèt yo pral pran mezi ki ann akò ak rekòmandasyon Rapò Akonpayatè sou Kesyon Kondisyon Fanm nan, e li di yon analiz sou kesyon kondisyon fanm pral entegre nan estrateji planifikasyon ak mizanplas. M. Fisher di jan sa enpòtan pou genyen done dezagreje selon si moun lan se fanm ou gason, e fòk bidjè yo elabore an pran kondisyon fanm lan an konsideration pou asire rekonstriksyon Ayiti pran an kont kesyon fanm ak kondisyon fanm.



Se yon bagay ki lamentab lè ou gade, dis lane apre Konsèy Sekirite Nasyonzini adopte premye Rezolisyon li (S/RES/1325) sou fanm, la pè ak sekirite, epi pou ou wè pi gwo angajman yo pran pou ogmante patisipasyon fanm nan konsolidasyon la pè e pou asire pwoteksyon fanm yo pa janm pwodui okèn pwogram, zouti oubyen politik ann Ayiti. Rapò Reyaksyon sou Kondisyon Fanm lan lanse yon apèl pou aksyon ijan pran pou redrese fot sa yo, tankou:



* Alokasyon fon ki rezève espesyalman pou fè pwomosyon fanm e pou pwoteje dwa imen fanm yo, e pou ranfòse egalite ant fanm ak gason. Sa genyen ladan l mwayen pou apiye rekonstriksyon an e pou ranfòse kapasite prensipal entèvenan kap travay pou egalite ant fanm ak gason ann Ayiti, tankou Ministè Kondisyon Fanm lan, mouvman fanm nan ak rezo fanm yo;
* Yon seri mezi espesyal pou pèmèt fanm yo e sitou fanmi ki gen fanm alatèt yo (30% nan tout fanmi yo gen fanm alatèt yo) ap motive e tire benefis nan inisyativ sektè prive yo e inisyativ pou moun jwenn mwayen pou yo travay pou pen kotidyen yo; fòk mezi sa yo pèmèt yon asistans pou enfrastrikti, ki gen ladan yo priyorite fanm pou lekòl, lojman, mache e abri pou amelyore sekirite e pwoteksyon fanm yo;
* Patisipasyon ekspè sou kesyon egalite ant fanm ak gason e patisipasyon militan ki soti nan tout sektè, tankou asènisman rive jis nan agrikilti e yon garanti pou priyorite, bezwen e vwa fanm yo byen klè e pou tout sektè yo pran sa an konsiderasyon;
* Entwodiksyon yon seri baliz pou make pwogrè ki fèt nan egalite ant fanm ak gason e lòt zouti ankò nan elaborasyon bidjè an ki pran kesyon egalite an an konsiderasyon.


“Se pou nou kontinye fè anpil bwi lè moun konmanse sispann pale de sa. Nou pap kite bagay yo kontinye fèt menm jan yo te ye anvan.” Se Edwidge Danticat ki di sa, e li ajoute, “Fanm ayisyèn e òganizasyon fanm yo dwe pou yo jwe wòl santral lan nan rekonstriksyon Ayiti.”



Pou li Rapò Akonpayatè sou Kesyon Fanm silvouplè, vizite sit: http://tinyurl.com/ycke9h2



Pou li lèt ouvè ki adrese a donatè yo, silvouplè vizite sit: http://org2.democracyinaction.org/o/5095/p/dia/action/public/?action_KEY...



Pou plis enfòmasyon, kontakte: sophie_toupin@hotmail.com



Pami manm kowalisyon an, genyen: Equality Now, Gender and Disaster Network, Groots International, Komisyon Huairou, Fon Lanbi Ayiti, MADRE, Observatoire sur le développement régional et l’analyse différenciée selon les sexes (OREGAND), Poto Mitan: Inisyativ pou Rekonstriksyon Ayiti, Rezo Fanm Entènasyonal nan Asosyasyon Mondyal Radyodifizè Kominotè (AMARC WIN), g+dsr, pami lòt gwoupman ankò.

Like this story?
Join World Pulse now to read more inspiring stories and connect with women speaking out across the globe!
Leave a supportive comment to encourage this author
Tell your own story
Explore more stories on topics you care about